Istwa Nou – PANOSOLEY™
WHATSAPP +509.429.36.100
Traitement des commandes avant 72h
Livraison en 3 à 5 semaines en Haiti
Support Creole 7j/7
Paiement 100% Sécurisé
Satisfait ou Remboursé
⭐️⭐️⭐️⭐️⭐️4,8/5 Livraison 100% garantie
Support Français 7j/7
Livraison Internationale

Istwa Nou

"CLIQUE ICI SI TU VEUX LIRE EN FRANCAIS"

Nou se yon gwoup jèn k ap viv aletranje.

Depi kèk nan nou te finn kite peyi a, nou tap pale de souvni nou le nou te timoun ak mank sa nou ta renmen pami fanmi yo ankò, enkli enterè pou n al fè yon ti vizit pou we fanmi nou an Ayiti.

Pandan sejou nou an, a penn nou rive nou remake difikilte ke fanmi nou yo, zanmi anfans nou yo, ap rankontre jiska prezan e sa te fè nou lapenn lè nou wè ke akòz mank elektrisite nan peyi a, fanmi nou yo toujou fè fas ak difikilte jiska prezan, espesyalman nan mitan lannwit nan kay la ak mank de konfò.

Kidonk yon bon maten, pandan yon konvèsasyon ant nou, nou t ap chèche solisyon pou ede fanmi nou yo donk nou te deside ansanm pou n jwenn yon solisyon ki ka amelyore kalite lavi fanmi nou.

Kèk semèn apre lè nou finn retounen aletranje, nou te anbake pakè ki gen aparèy ekleraj.

Apre premye eksperyans sa, fanmi nou yo esplike nou jan yo te kontan wè limyè lakay yo 24 sou 24, 7 jou sou 7 ki se yon gwo soulajman pou yo viv pi byen.

Se nan moman sa a nou te gen lide pou ofri lòt moun posiblite pou yo viv gwo eksperyans sa nan kreye konpayi sa pou nou vann aparèy elektwonik.